Tip fraz nan kreyòl ayisyen
Fich sa a ede w rekonèt kat (4) tip fraz prensipal yo pou w ka li, konprann ak ekri pi byen nan egzamen 9e AF.
1. Ki sa ki yon fraz ?
Yon fraz se yon gwoup mo ki eksprime yon lide konplè. Li souvan gen :
- yon sijè : moun oswa bagay k ap aji,
- yon predika : sa n ap di sou sijè a.
Sa ki enpòtan an, se entansyon moun k ap pale a: èske li vle bay enfòmasyon, poze kesyon, bay lòd oswa eksprime emosyon?
2. Kat (4) tip fraz prensipal yo
A. Fraz deklaratif
Fraz deklaratif la rakonte oswa eksplike yon bagay.
- Li bay enfòmasyon, opinyon oswa reyalite.
- Li fini anjeneral ak yon pwen
.
Egzanp :
- Mwen prale lekòl demen.
- Lalin nan klere anpil aswè a.
Nan repons ou bay nan egzamen, ou sèvi anpil ak fraz deklaratif.
B. Fraz entèwogatif
Fraz entèwogatif la poze kesyon.
- Li chèche yon repons.
- Li fini ak pwen entèwogasyon
?
Egzanp :
- Ki lè klas la ap kòmanse?
- Ki kote ou rete?
Tout fraz ki fini ak « ? » nan egzamen yo se fraz entèwogatif.
C. Fraz enperatif
Fraz enperatif la bay lòd, demann oswa konsèy.
- Li souvan kòmanse ak yon vèb (Fè, Pran, Pa fè...).
- Li pa toujou gen sijè : yo pa oblije ekri « ou ».
Egzanp :
- Fè vit!
- Chita la a.
- Pa fè bri!
Lè pwofesè a di w sa pou w fè nan klas la, li sèvi ak anpil fraz enperatif.
D. Fraz eksklamatif
Fraz eksklamatif la eksprime emosyon (lajwa, kòlè, sipriz, lapenn...).
- Li montre santiman fò.
- Li fini anjeneral ak pwen esklamasyon
!
Egzanp :
- Ala bèl jounen!
- Men sa ki rele pwogrè!
Gade emosyon ki nan vwa moun nan: se sa ki ede w rekonèt fraz eksklamatif yo.
3. Ti astis pou egzamen
- Wè « ? » → panse fraz entèwogatif.
- Wè « ! » + emosyon → souvan fraz eksklamatif.
- Fraz ki kòmanse ak vèb lòd (Fè, Pa fè, Chita...) → fraz enperatif.
- Rès fraz yo ki bay enfòmasyon senp → an jeneral fraz deklaratif.
Chwazi bon repons lan pou chak fraz. Apre sa, klike sou « Tcheke repons yo » pou w wè nòt ou.