Sijè ak Predika
Nan kreyòl ayisyen an, pi fò fraz gen 2 gwo pati: sijè (sa n ap pale de li a) ak predika (sa n ap di sou sijè a). Lè w metrize sa, ou analize fraz pi vit, epi ou ekri pi byen.
1) Ki sa yo rele Sijè?
Sijè a se moun, bèt, bagay oswa lide ki nan sant fraz la. Se sou li predika a bay enfòmasyon.
Sijè a reponn kesyon: Ki moun?, Kilès? oswa Kisa?
Egzanp (sijè yo an fonse):
- Elèv yo ap repase leson an.
- Machin nan pran pàn sou wout mache Disis la.
- Lanmè a trankil jodi a.
2) Kisa predika a ye ?
Predika a se tout sa fraz la di sou sijè a: aksyon li fè, kijan li ye, kote li ye, sa li ye, elatriye.
Predika a kapab yon sèl mo oswa yon gwoup mo. Li pa toujou yon vèb sèlman.
Egzanp (predika yo an fonse):
- Elèv yo ap repase leson an.
- Machin nan pran pàn sou wout mache Disis la.
- Lanmè a trankil.
3) Kijan pou nou jwenn sijè a ak predika a byen vit?
- Etap 1: Gade ki pati ki bay enfòmasyon prensipal la (souvan vèb la oswa mo kle a).
- Etap 2: Poze kesyon “Ki moun? / Kilès / Kisa?” → sa w jwenn lan se sijè a.
- Etap 3: Rès enfòmasyon ki pale sou sijè a → se predika. Pou w jwenn predika a, lè w fin jwenn sijè a ou ka poze kesyon sa : Kisa yo di yo di sou li?
Egzanp analiz:
Fraz: Timoun nan ap dòmi sou kabann nan.
- Kilès k ap dòmi ?:, Timoun nan
- Sijè: Timoun nan
- Kisa yo di sou timoun nan?, l ap dòmi sou kabann nan
- Predika: ap dòmi sou kabann nan
4) Diferan fòm predika yo
Men 5 fòm predika ou ka jwenn souvan nan yon fraz kreyòl. Nan chak ka, predika a se sa yo di sou sijè a, men fòm li chanje selon kalite enfòmasyon an.
Predika vèbal
Se lè predika a montre aksyon oswa yon bagay k ap fèt. Li gen yon vèb (epi pafwa makè tan: ap, te, pral).
Egzanp: Mari pale koze a.
Predika nominal
Se lè predika a bay idantite sijè a ye. Souvan se yon non oswa yon gwoup non.
Egzanp: Gachèt pwofesè fizik depi plis pase 30 lane.
Predika adjektival
Se lè predika a montre eta oswa kalite sijè a. Li sèvi ak yon adjektif: bèl, gwo, fatige, cho, fre...
Egzanp: Bòs Jan Mari fatige.
Predika prepozisyonèl
Se lè predika a montre kote/pozisyon oswa relasyon espasyal. Li kòmanse ak prepozisyon: nan, sou, anba, devan, dèyè, bò...
Egzanp: Tout timoun yo nan lakou a.
Predika advèbyal
Se lè predika a bay enfòmasyon sou fason, tan, oswa pafwa entansite: vit, dousman, yè, jodi a, anpil...
Egzanp: Zafè kidnapin sa a twòp pou nou.
Sonje
Objektif la se idantifye: sa yo di sou sijè a. Lè ou jwenn li, ou tou jwenn predika a, kèlkeswa fòm li pran.
Lòt Egzanp pou chak fòm (predika an fonse):
- Predika vèbal: Pwofesè a ap eksplike yon fòmil matematik.
- Predika nominal: Li se yon lidè serye.
- Predika adjektival: Jaden an vèt.
- Predika prepozisyonèl: Kle chanm nan sou etajè a.
- Predika advèbyal: Timoun yo reponn vit.
5) Ti rezime pou sonje
- Sijè = sa n ap pale de li.
- Predika = sa n ap di sou sijè a.
- Predika ka: vèbal, nominal, adjektival, prepozisyonèl, advèbyal.
Chwazi bon repons lan pou chak kesyon. Apre sa, klike « Tcheke repons yo ».