BIENVENUE SUR RÉUSSITE HAÏTI

La plateforme de préparation des examens officiels haïtiens

Destinée aux élèves de la 9e AF et du NS4, Réussite Haïti propose des fiches de révision, des quiz interactifs, des examens types MENFP et des méthodes de réussite visant à renforcer les apprentissages et à soutenir la réussite scolaire.

Je choisis une ressource

Fiches de révision

Notions essentielles, synthèses claires et utiles pour les examens officiels haïtiens.

J'accède aux fiches

Quiz interactifs

Questions alignées sur les examens officiels haïtiens pour tester tes connaissances et progresser avant le jour J.

Je fais un quiz

Infos éducatives et conseils de réussite

Chargement des derniers articles…

Témoignages (version bêta)

Chargement des témoignages…

Infolettre WhatsApp

🔊 ANNONCE
Chargement de l'annonce…
Donnez votre avis

Ton avis sur Réussite Haïti

Fich · Tan ak aspè vèb
Kreyòl 9e AF · Gramè

Tan ak aspè vèb nan kreyòl ayisyen

Fich sa a ede w konprann kijan pou w rekonèt si aksyon an pase deja, ap fèt kounye a, si li fini oswa si l ap rive pi ta.

1. Ki sa ki « tan » ak « aspè » vèb ?

Nan kreyòl, nou sèvi ak vèb pou di sa k ap pase. Men gen 2 gwo kesyon:

  • Tan vèb la: kilè aksyon an rive? (pase, prezan, fiti)
  • Aspè vèb la: ki jan aksyon an prezante? (fini, ap dewoule, pase, prè pou rive…)

Kreyòl sèvi ak patikil tan/aspè tankou: te, ap, pral, va, ta, tap, te ap, te pral

Menm vèb « ale » a ka pran plizyè fòm: m ale, m te ale, m ap ale, m pral ale, m va ale…

2. Tan prezan ak aspè prezan

A. Prezan abitid / reyalite jeneral

Nou itilize prezan abitid pou pale de sa ki fèt regilyèman oswa sa ki toujou vrè.

  • Souvan san patikil devan vèb la.

Egzanp :

  • Mwen leve bonè chak maten.
  • Timoun yo jwe nan lakou a chak apremidi.
  • Solèy klere lajounen.

B. Prezan inakonpli (ap)

Nou itilize patikil ap pou montre aksyon an ap dewoule kounye a oswa li prè pou rive byento.

  • ap + vèb → aksyon an ap fèt.

Egzanp :

  • Mwen ap etidye kounye a.
  • Lapli ap tonbe.
  • Yo ap vini la a.

Fòm « n ap, w ap, l ap, y ap » se nou ap, ou ap, li ap, yo ap.

3. Tan pase: akonpli ak inakonpli

A. Pase akonpli (te)

Nou sèvi ak te lè aksyon an fini deja nan tan pase.

  • te + vèb → aksyon fini anvan kounye a.

Egzanp :

  • Mwen te ale lekòl yè.
  • Li te manje deja lè mwen rive.
  • Yo te fini travay la anvan lapli a tonbe.

B. Pase inakonpli (t ap / te ap)

Nou sèvi ak t ap (oswa te ap) lè aksyon an t ap dewoule nan tan pase.

  • t ap + vèb → aksyon ki t ap fèt lè yon lòt bagay rive.

Egzanp :

  • Li t ap pale lè pwofesè a antre.
  • Nou t ap mache lè machin nan kraze.
  • Yo t ap jwe foutbòl lè lapli a kòmanse.

« t ap » = te ap (yo konprime li nan lang pale).

4. Tan fiti: fiti pwòch ak fiti senp

A. Fiti pwòch (pral / ap + vèb)

Nou sèvi ak pral oswa ak fòm prezan k ap dewoule pou montre aksyon an prè pou rive.

  • pral + vèb → sa ki sou pwen rive.

Egzanp :

  • Mwen pral etidye pita.
  • Lapli pral tonbe.
  • Yo pral pase egzamen an demen.

B. Fiti senp (va)

Nou sèvi ak va (oswa « ava » nan kèk zòn) pou pale de sa k ap rive nan tan kap vini an, san nou pa presize li sou pwen rive.

  • va + vèb → aksyon nan tan kap vini an an jeneral.

Egzanp :

  • Demèn, yo va pran egzamen an.
  • Pitit sa yo va vin gran nèg demen.
  • Nou va wè rezilta nou yo semèn pwochèn.

5. Ti rezime makè tan/aspè yo

  • San patikil → prezan abitid / reyalite jeneral (Mwen dòmi bonè chak swa.)
  • ap → prezan inakonpli / aksyon k ap dewoule (Mwen ap li.)
  • te → pase akonpli / aksyon fini nan tan pase (Li te rive bonè.)
  • t ap (te ap) → pase inakonpli / aksyon ki t ap fèt (Nou t ap jwe lè li rele nou.)
  • pral → fiti pwòch / prè pou rive (Yo pral kòmanse kou a.)
  • va → fiti senp / tan kap vini an jeneral (Nou va fè yon vwayaj yon jou.)
Mini-quiz entèaktif · Tan ak aspè vèb

Chwazi bon repons lan pou chak fraz. Apre sa, klike sou « Tcheke repons yo » pou w wè nòt ou.

1. « Mwen ap etidye pou egzamen an. » Ki tan/oswa aspè ki pi byen dekri fraz sa a?
Repons kòrèk : prezan inakonpli, paske patikil ap montre aksyon an ap dewoule kounye a.
2. « Nou te fini travay la yè swa. » Ki tan/aspè vèb « fini » an ye?
Repons kòrèk : pase akonpli, paske te fini montre aksyon an te deja fini yè swa.
3. « Li t ap pale lè pwofesè a antre. » Ki aspè vèb « pale » a gen nan fraz sa a?
Repons kòrèk : pase inakonpli, paske t ap pale montre aksyon an t ap dewoule nan tan pase.
4. « N ap ale legliz dimanch. » Ki jan pou nou klase tan/aspè sa a?
Repons kòrèk : fiti pwòch, paske n ap ale montre yo prè pou yo ale dimanch.
5. « Demen, yo va kòmanse egzamen an. » Ki tan vèb « kòmanse » a ye isit la?
Repons kòrèk : fiti senp, paske va kòmanse montre aksyon an pral rive nan tan kap vini an san nou pa di li sou pwen rive touswit.