BIENVENUE SUR RÉUSSITE HAÏTI

La plateforme de préparation des examens officiels haïtiens

Destinée aux élèves de la 9e AF et du NS4, Réussite Haïti propose des fiches de révision, des quiz interactifs, des examens types MENFP et des méthodes de réussite visant à renforcer les apprentissages et à soutenir la réussite scolaire.

Je choisis une ressource

Fiches de révision

Notions essentielles, synthèses claires et utiles pour les examens officiels haïtiens.

J'accède aux fiches

Quiz interactifs

Questions alignées sur les examens officiels haïtiens pour tester tes connaissances et progresser avant le jour J.

Je fais un quiz

Infos éducatives et conseils de réussite

Chargement des derniers articles…

Témoignages (version bêta)

Chargement des témoignages…

Infolettre WhatsApp

🔊 ANNONCE
Chargement de l'annonce…
Donnez votre avis

Ton avis sur Réussite Haïti

Fich· Diskou dirèk ak endirèk
Kreyòl 9e AF · Gramè

Diskou dirèk ak diskou endirèk

Fich sa a montre diferans ant fason nou rapòte pawòl yon moun jan li di yo egzakteman (diskou dirèk) ak fason nou rakonte pawòl la ak pwòp mo nou (diskou endirèk). Ou pral wè kijan pwonon, tan vèb ak kèk ti mo chanje.

1. Ki sa yo rele « diskou dirèk » ?

Nan diskou dirèk, naratè a oswa moun k ap rakonte a repete pawòl moun nan jan li di yo, san li pa chanje yo.

Souvan nou gen:

  • yon vèb pale: di, mande, reponn, kriye, eksplike, elatriye;
  • apre sa, pawòl moun nan tankou li te sòti nan bouch li.

Egzanp senp:

  • Li di: « Mwen fatige. »
  • Manman mande: « Ki lè w ap retounen? »

Nan tèks naratif, yo souvan sèvi ak tirè oubyen gimè (« … ») pou make diskou dirèk la: Li di: « Mwen fatige. »

2. Ki sa yo rele « diskou endirèk » ?

A. Definisyon

Nan diskou endirèk, nou pa repete fraz moun nan mo pou mo. Nou rakonte sa li te di a ak pwòp mo nou.

Egzanp:

  • Diskou dirèk:
    Li di: « Mwen fatige. »
  • Diskou endirèk:
    Li di li fatige.

Remake: « mwen » tounen « li » nan diskou endirèk la.

B. Vèb rapò ak ti mo siyal

Pi souvan, diskou endirèk itilize vèb sa yo:

  • di (deklarasyon): Li di li pare.
  • mande (kesyon): Li mande si w ap vini.
  • mande pou (lòd/demann): Li mande pou yo vini bonè.
  • konseye, reponn, elatriye.

Pawòl ki te an dirèk la souvan vin yon pwopozisyon ki kòmanse ak: ke, si, pou

3. Chanjman pwonon nan diskou endirèk

A. Pwonon pèsonèl yo

Lè n ap pase diskou dirèk pou diskou endirèk, nou adapte pwonon yo selon moun k ap pale a ak moun yo pale de yo.

Egzanp:

  • Dirèk:
    Jan di: « M ap vini demen. »
    Endirèk:
    Jan di li pral vini demen.
  • Dirèk:
    Ou di: « Mwen pa konprann egzèsis la. »
    Endirèk:
    Ou di ou pa konprann egzèsis la.
  • Dirèk:
    Yo di: « Nou pare. »
    Endirèk:
    Yo di yo pare.

Gade byen kiyès k ap pale a, kiyès yo t ap pale de, pou w chwazi pwonon ki kòrèk la (mwen, ou, li, nou, yo).

4. Tan vèb & mo tan ki ka chanje

A. Tan vèb yo

Nan kreyòl, nou pa gen chanjman tan konplike tankou franse, men pafwa nou adapte tan vèb la selon sitiyasyon an.

Egzanp:

  • Dirèk:
    Li di: « M ap vini. »
    Endirèk:
    Li di li pral vini. (m ap → pral)
  • Dirèk:
    Li te di: « M ap vini. »
    Endirèk:
    Li te di li t ap vini.

B. Mo ki montre tan & kote

Nou ka tou adapte kèk mo ki montre tan oswa kote, sitou lè moun k ap rakonte a pa nan menm moman an ankò.

Egzanp:

  • Dirèk:
    Yè Mari te di: « M ap vini demen. »
    Endirèk:
    Mari te di li t ap vini jou apre a.

Pafwa mo tan yo ka chanje: jodi a → jou sa a, demen → jou apre a / lendemèn, elatriye. Men nan egzamen 9e AF, yo plis tcheke si w metrize pwonon yo ak estrikti fraz la.

5. Ki etap pou pase dirèk → endirèk ?

Metòd an 4 etap

  • 1. Chèche vèb pale a: di, mande, reponn, konseye…
  • 2. Pran pawòl moun nan (fraza) separe.
  • 3. Chanje pwonon yo selon naratè a (mwen → li, nou → yo…).
  • 4. Ajoute ti mo ke / si / pou si sa nesesè pou mare fraz la.

Egzanp :

  • Dirèk:
    Manman di: « Fè devwa w. »
    Endirèk:
    Manman di pou w fè devwa w.

6. Ti rezime sou diskou dirèk ak endirèk

  • Diskou dirèk → pawòl yo repete jan yo te di yo, souvan ak tirè oubyen gimè « … ».
  • Diskou endirèk → nou rakonte pawòl la ak pwòp mo nou.
  • Gade pwonon yo: mwen / ou / nou → li / yo selon ka a.
  • Gade vèb pale a: di, mande, reponn, konseye…
  • Sèvi ak ke, si, pou pou mare fraz endirèk la.
Mini-quiz entèaktif · Diskou dirèk ak endirèk

Chwazi bon repons lan pou chak kesyon. Apre sa, klike « Tcheke repons yo ».

1. Ki fraz ki pi byen montre yon diskou dirèk?
Repons kòrèk : Fraz B repete pawòl la jan li te di li: « Mwen fatige. »
2. Chwazi pi bon transfòmasyon dirèk → endirèk:
Diskou dirèk: Li di: « Mwen pa konprann egzèsis la. »
Repons kòrèk : Nan diskou endirèk, « mwen » vin « li » → « Li di li pa konprann egzèsis la. »
3. Ki fraz ki diskou endirèk?
Repons kòrèk : Fraz A rakonte lòd manman an ak estrikti pou + vèb → diskou endirèk.
4. Ranpli fraz la ak pi bon chwa:
« Li mande ______ w ap vini. »
Repons kòrèk : Lè li poze yon kesyon, nou souvan itilize « si »: « Li mande si w ap vini. »
5. Diskou dirèk:
Mwen di: « Nou pral travay pi seryezman. »
Ki pi bon vèsyon endirèk la?
Repons kòrèk : Fraz B se diskou endirèk: li pa sèvi ak de-pwen ni sitasyon, li mare vèb pale a ak fraz la dirèkteman: « Mwen di nou pral travay pi seryezman. »