MENFP • KRÈYÒL 9e AF
Konsiy : Tout pati yo obligatwa. Ekri repons yo klè. Respè òtograf ofisyèl kreyòl la.
📘 Ed-memwa(louvri si w bezwen)
- Tèks agimantatif — Tèz + agiman + egzanp + konklizyon (konektè: paske, kidonk, poutèt sa, anplis, sepandan).
- Prefiks kontrè — de-, dez-, en-, in-, mal- (eg. dezòd, malonèt).
- Mo derive / mo fanmi — mo ki gen menm rasin: kominike → kominikasyon, kominikatè.
- Omonim — menm pwononsyasyon, sans diferan. Sinonim — prèske menm sans. Antonim — sans kontrè.
- Tip fraz — deklaratif, entèwogatif, enperatif, esklamatif.
KREYÒL AYISYEN — 100 pwen
I. Kesyon sou tèks (40) • II. Vokabilè – Òtograf – Gramè (40) • III. Pwodiksyon ekri (20)
Tèks: « Disiplin se kle a »
Nan zafè lekòl, gen moun ki panse disiplin se “pinisyon” sèlman. Men sa pa vre. Disiplin se yon fason pou mete tèt ou nan bon direksyon, pou w rive reyalize objektif ou san ou pa gaspiye tan w. Lè yon elèv respekte orè li, li aprann jere fòs li: li konnen kilè pou li revize, kilè pou li repoze, epi kilè pou li mande èd.
Anplis, disiplin fè aprantisaj la vin pi fasil pou tout moun. Lè elèv yo ret konsantre, pwofesè a pa pèdi tan li nan mete lòd; li ka eksplike pi byen, epi tout timoun jwenn chans pou yo konprann. Sa vle di disiplin pa sèvi yon sèl moun; li sèvi tout yon gwoup, li kapab ede tout yon kominote avanse.
Gen lòt moun ki di “mwen entelijan, mwen pa bezwen disiplin.” Sepandan, entèlijans san travay se tankou yon machin san gaz: li la, men li pa ka avanse. Se poutèt sa, disiplin ak efò mache ansanm. Si nou vle bon rezilta, nou dwe chanje abitid nou: fè plan nou, respekte li, epi kontinye menm lè sa difisil.
I. Kesyon sou tèks la (40 pwen)
Antoure lèt ki devan bon repons lan pou kesyon 1 rive 3.
a) Naratif b) Deskriptif c) Agimantatif d) enfòmatif
a) Disiplin se jwèt b) Disiplin se pinisyon sèlman c) Disiplin ede w rive jwenn objektif ou d) Disiplin pa itil
a) fanmi b) kominote c) koral d) kay
II. Vokabilè – Òtograf – Gramè (40 pwen)
A) Mete yon prefiks pou bay kontrè mo sa yo (4 pwen – 2 pwen/chak)
B) Jwenn ki aspè ki mache ak chak fraz sa yo (8 pwen – 2 pwen/chak)
Chwazi aspè a: akonpli / inakonpli / pwospektif / iteratif.
C) Ekri 2 mo derive pou chak mo sa yo (6 pwen – 2 pwen/mo)
Egzanp: “travay” → travayè, travayèz.
D) Bay siyifikasyon ́wovéb sa a : (4 pwen)
E) Avèk chak advèb sa yo, fè yon fraz (4 pwen – 2 pwen/chak)
F) Relye chak mo ak yon definisyon (8 pwen – 2 pwen/chak)
Ekri nan kaz repons lan lèt definisyon ki koresponn ak mo a.
Kolòn A (Mo)
- 12a. Antonim
- 12b. Sinonim
- 12c. Omonim
- 12d. Mo fanmi
Kolòn B (Definisyon)
- Mo ki pwononse menm jan men ki pa gen menm sans.
- Mo ki eksprime yon lide kontrè.
- Mo ki prèske gen menm sans.
- Mo ki gen menm rasin.
12a.__ 12b.__ 12c.__ 12d.__
G) Relye chak figi estil ak fraz ki ale avèk li a(8 pwen – 2 pwen/chak)
Ekri lèt kolon B a (a–e) ki koresponn ak chak fraz (1–4).
Kolòn A (Fraz)
- 13-1. “Pòv sa a se yon boujwa.”
- 13-2. “Tout vil la kontan resevwa jwè yo aprè yon fin chanpyon.”
- 13-3. “Andre pale kon wosiyòl.”
- 13-4. “Li di wi, ou di non.”
Kolòn B (Figi estil)
- Konparezon
- Perifraz
- Ipèbòl
- Metonimi
- Antitèz
13-1.__ 13-2.__ 13-3.__ 13-4.__
H) Relye la fraz ak tip li (8 pwen – 2 pwen/chak)
Ekri lèt tip fraz la ki koresponn ak chak fraz.
Kolòn A (Fraz)
- 14-1. “Ou bèl wi!”
- 14-2. “Li deplase deja?”
- 14-3. “Fòk nou travay.”
- 14-4. “Souvan telefòn nwizib.”
Kolòn B (Tip fraz)
- Entèwogatif
- Enperatif
- Deklaratif
- Anfatik
- Esklamatif
14-1.__ 14-2.__ 14-3.__ 14-4.__
I) Mete mo sa yo nan lòd pou fòme yon fraz (4 pwen)
J) Jwenn varyasyon mo sa yo (4 pts – 1 pt/chak)
Varyasyon = fòm mo a ka pran nan pale.
K) Òtograf ofisyèl: korije mo ki mal ekri yo (6 pwen)
Nan ti tèks sa a gen mo ki mal ekri. Souliye yo epi reyekri yo nan òtograf ofisyèl kreyòl ayisyen an (omwen 6 koreksyon).
Pòl se yon docteur ki très saj. Li remnen resevwa moun byen nan klinik li. Si ou tonbe malad, lannouite ou ka rele li; li pa p gen problème pou sa, li ap pran swen ou.
L) Pwodui yon fraz ak konjonksyon kowòdinasyon “epi” (2 pwen)
M) Eksplike sans pwovèb sa a (4 pwen)
III. Pwodiksyon ekri (20 pwen)
Chwazi youn (1) nan sijè yo epi devlope li 15 rive 20 liy.
✅ Korije – Egzamen KRÈYÒL 9e AF
KORIJE + BARÈM
I. Kesyon sou tèks (1–6) — 40 pwen
1. c
2. c
3. b
4. Agiman posib (2): (i) disiplin ede w jere tan w ak orè w, fè etabli lè pou w revize, pou repoze ak pou w mande èd; (ii) disiplin fè klas la mache pi byen, pwofesè pa pèdi tan nan mete lòd; (iii) disiplin ede jere tan tout moun; (iv) entèlijans san travay pa oblije pote bon rezilta. (8 pwen)
5. Egzanp posib: yon elèv entelijan ki pa revize ka rate yon tès, yon egzamen; si li pa fè devwa l; si li pa pratike; rezilta li ap desann. (7 pwen)
6. Evalyasyon selon: pozisyon klè (2), 1 agiman (3), 1 egzanp (2). (7 pwen)
II.A Prefiks kontrè (7) — 4 pwen
7a. dezòganize
7b. malonèt
II.B Aspè (8) — 8 pwen
8a. inakonpli • 8b. akonpli • 8c. pwospektif • 8d. iteratif
II.C Mo derive (9) — 6 pwen
9a. reyalize → reyalizatè, reyalizasyon
9b. kominike → kominikasyon, kominikatè
9c. itil → itilite, itilizasyon, itilizatè
II.D Ekspresyon (10) — 4 pwen
10. Sans: Lavi gen anpil etap. (4 pwen)
II.E Advèb (11) — 4 pwen
11a. Egzanp: “Li mache dousman.”
11b. Egzanp: “Li di l sa kareman.”
II.F Definisyon (12) — 8 pwen
12a→B • 12b→C • 12c→A • 12d→D
II.G Figi estil (13) — 8 pwen
13-1→e (antitèz) • 13-2→c (ipèbòl) • 13-3→a (konparezon) • 13-4→e (antitèz)
Nòt: 13-4 antitèz (wi/non). 13-1 se opozisyon “pòv/boujwa”.
II.H Tip fraz (14) — 8 pwen
14-1→e (esklamatif) • 14-2→a (entèwogatif) • 14-3→c (deklaratif) • 14-4→c (deklaratif)
II.I Mete mo nan lòd (15) — 4 pwen
15. “Entènèt se yon mwayen ki petèt moun konekte ak lemonn antye.”
II.J Varyasyon (16) — 4 pwen
16a. fonmasi • 16b. chini • 16c. degobye • 16d. kannida
II.K Òtograf (17) — 6 pwen
Koreksyon posib (6): docteur→doktè; très→trè; bien→byen; tombé→tonbe; lannouite→lannuit; problème→pwoblèm; soin→swen; Pòl (ok) / resevwa (ok). (6 pts pou 6 koreksyon kòrèk)
II.L “Epi” (18) — 2 pwen
Egzanp: “Mwen fè devwa matematik la epi mwen pral repase kreyòl la pou demen.”
II.M Pwovèb (19) — 4 pwen
19. Sans: si ou pa mande sa ou bezwen, ou ka pa jwenn li; fòk ou fè demann/eksprime bezwen ou pou moun ede w. (4 pwen)
III. Pwodiksyon ekri (20A oswa 20B) — 20 pwen
Barèm sijere: Respekte lide sijè a (4) • Estrikti (4) • Agiman/egzanp (6) • Konektè lojik (3) • Lang/òtograf (3)