MENFP • KRÈYÒL 9e AF
Konsiy : Gen 3 seksyon. Antoure bon repons kote sa mande. Ekri repons yo klèman.
📘 Ed-memwa(louvri si w bezwen)
- SP / SF — SP = sans pwòp (literal) ; SF = sans figire.
- Aspè — inakonpli (ap/t ap/k ap), akonpli (te), pwospektif (pral/va), iteratif (chak jou/toujou).
- Figi stil — ipèbòl (egzajerasyon), anafò (repete menm mo nan kòmansman fraz la), metonimi (konteni pou kontenan an), antitèz (opozisyon), konparezon, metafò.
- Predika — vèbal / nominal / adjektival / prepozisyonèl / advèbyal.
- Varyasyon fonolojik — chanjman pwononsyasyon/ekriti nan pale (eg. cheni=chini, degobe=degobye).
KREYÒL AYISYEN — 100 pwen
I. Kesyon sou tèks (30) • II. Vokabilè – Òtograf – Gramè (40) • III. Pwodiksyon ekri (30)
Tèks: « Kaye plan »
Yon jedi apremidi, Maliya soti lekòl ak yon kaye plan nan men li. Depi kèk semèn, li t ap òganize tan li pi byen: li ekri sa li gen pou li fè, lè li pral etidye, ak ki jou li pral repase. Lakay li, manman li toujou repete: “kontwole tan w, ou kontwole tèt ou.”
Sou wout la, Maliya tande yon gwoup timoun ap diskite sou yon ti pwojè pou netwaye lakou lekòl la. Yo t ap chèche volontè. Li pa t fin sèten si l t ap gen tan, men li sonje objektif li: pase egzamen 9e AF ak bon nòt, epi rete yon moun ki itil pou lòt moun.
Vandredi a, apre klas, li rete. Li pa fè bri. Li ranmase papye, mete boutèy plastik nan yon sak, epi li ede ranje yon ti kwen kote yo konn chita. Direktè a wè sa, li di: “Mèsi, pitit mwen. Se ti aksyon konsa ki fè lekòl la respire.” Maliya souri, li santi kè li vin pi lejè.
Nan aswè, li louvri ti kaye plan li an. Li mete yon ti zetwal bò kote “revizyon” paske li respekte orè li. Apre sa, li ekri yon fraz: “Bon disiplin se yon chemen.” Lè li fini, li priye, epi li dòmi san estrès.
I. Kesyon sou tèks la (30 pwen)
Antoure lèt ki devan bon repons lan pou kesyon 1 rive 3.
a) Tèks eksplikatif b) Tèks naratif c) Tèks deskriptif
a) Nan mache b) Lakay Maliya sèlman c) Lekòl ak sou wout lekòl la d) Nan legliz
a) Vwayaje aletranje b) Disiplin ak bon aksyon c) Enpòtans lekòl d) lajan fasil
II. Vokabilè – Òtograf – Gramè (40 pwen)
A) Relye gwoup mo yo ak tèm (8 pwen – 2 pwen/chak)
Ekri nan kaz repons lan lèt kolon B a ki koresponn ak chak nimewo kolon A a.
| Kolòn A (Gwoup mo) | Repons |
|---|---|
| 7. kaye, plim, liv, revize | ____ |
| 8. orè, semèn, jedi, vandredi | ____ |
| 9. sak, boutèy, papye, ranmase | ____ |
| 10. van, lapli, solèy | ____ |
| Kolòn B (Tèm) |
|---|
| A. Meteyo |
| B. Lekòl |
| C. Netwayaj |
| D. Tan |
B) Sinonim (8 pwen – 2 pwen/chak)
Ranplase ekspresyon souliye a ak yon mo sinonim.
C) Definisyon mo (8 pwen – 2 pwen/chak)
D) Jwenn figi stil pou chak fraz (8 pwen – 2 pwen/chak)
Chwazi figi estil ki bon an: ipèbòl, anafò, Pèsonifikasyon, antitèz.
E) Jwenn aspè tan pou chak fraz (8 pwen – 2 pwen/chak)
Chwazi aspè a: akonpli / inakonpli / pwospektif / iteratif.
F) Varyasyon fonolojik (4 pwen – 2 pwen/chak)
Ranplase mo souliye a ak yon varyasyon fonolojik.
G) Sans pwòp / Sans figire (4 pwen – 2 pwen/chak)
Ekri SP si se sans pwòp, SF si se sans figire.
H) Eksplike sans pwovèb (4 pwen)
I) Fraz ak advèb negasyon (2 pwen)
J) Tan pase + mòd kondisyonèl (2 pwen)
K) Tip predika (2 pwen)
L) Fòme nouvo mo ak radikal sa yo (4 pwen – 2 pwen/chak)
M) Pwonon entèwogatif (4 pwen – 2 pwen/chak)
III. Pwodiksyon ekri (30 pwen)
Chwazi youn (1) nan sijè yo epi devlope li nan 15 rive 20 liy. Respè estrikti (entwodiksyon, devlopman, konklizyon).
✅ Korije estriktire – Egzamen KRÈYÒL 9e AF (Kaye Plan an)
KORIJE + BARÈM
I. Kesyon sou tèks (1–6) — 30 pts
1. b
2. c
3. b
4. Egzanp (2): li ekri sa li gen pou fè; li mete jou/lè revizyon; li mete zetwal lè li respekte orè; li planifye repase. (6 pts)
5. Li ret apre klas pou netwaye: ranmase papye, mete boutèy nan sak, ranje kwen lakou. (6 pts)
6. Leson posib: disiplin ede w reyisi; bon aksyon itil; òganizasyon diminye strès; fè byen san fè bri. (6 pts)
II.A Rebye tèm (7–10) — 8 pwen
7→B (Lekòl/Etid) • 8→D (Tan/Òganizasyon) • 9→C (Netwayaj) • 10→A (Meteyo)
II.B Sinonim (11–14) — 8 pwen
11. kite lekòl(aksepte: retounen soti lekòl)
12. planifye / ranje / mete nan lòd
13. ranmase = kolekte / rasanble
14. san estrès = anpè / trankil
II.C Definisyon (15–18) — 8 pwen
15. Disiplin: respekte règ etabli; kontwole tèt ou pou fè sa w dwe fè.
16. Volontè: moun ki dispoze ede san yo pa fòse li / san obligasyon.
17. Orè: plan ki montre lè pou fè yon bagay.
18. Revize: repase yon leson pou sonje ak konprann li pi byen kon.
II.D Figi stil (19–22) — 8 pwen
19. Ipèbòl • 20. Antitèz • 21. Pèsonifikasyon• 22. Anafò
II.E Aspè (23–26) — 8 pwen
23. Akonpli • 24. Inakonpli • 25. Pwospektif • 26. Iteratif
II.F Varyasyon fonolojik (27–28) — 4 pts
27. kaponnen / kraponnen• 28. famasi/fonmasi
II.G SP/SF (29–30) — 4 pwen
29. SF • 30. SP
II.H Pwovèb (31) — 4 pwen
31. Sans: Lè gen divizyon, pa gen pwogrè (repons ekivalan ak lòt eksplikasyon klè aksepte)
II.I Advèb negasyon (32) — 2 pwen
Egzanp: “Mwen p ap janm patisipe nan anyen ki wong.” / “Pèsonn pa t la nan moman an.”
II.J Pase + kondisyonèl (33) — 2 pwen
Egzanp: “Si mwen te gen plis tan, mwen t ap revize plis.”
II.K Tip predika (34) — 2 pwen
34. Predika vèbal.
II.L Derivasyon (35–36) — 4 pwen
35. tanporèl (aksepte nenpòt mo kòrèk ki sòti nan radikal “tan”)
36. Ranmasaj(aksepte nenpòt mo kòrèk ki sòti nan “ranmase”)
II.M Pwonon entèwogatif (37–38) — 4 pwen
37. Egzanp: “Kisa ou pral revize aswè a?”
38. Egzanp: “Kilès ki pral avèk ou nan ayewopò?”
III. Pwodiksyon ekri (39 oswa 40) — 30 pwen
Barèm sijere: Respè sijè (6) • Estrikti (6) • Lojik/konektè (6) • Gramè/òtograf/vokabilè (8) • Longè/Prezantasyon (4)