BIENVENUE SUR RÉUSSITE HAÏTI

La plateforme de préparation des examens officiels haïtiens

Destinée aux élèves de la 9e AF et du NS4, Réussite Haïti propose des fiches de révision, des quiz interactifs, des examens types MENFP et des méthodes de réussite visant à renforcer les apprentissages et à soutenir la réussite scolaire.

Je choisis une ressource

Fiches de révision

Notions essentielles, synthèses claires et utiles pour les examens officiels haïtiens.

J'accède aux fiches

Quiz interactifs

Questions alignées sur les examens officiels haïtiens pour tester tes connaissances et progresser avant le jour J.

Je fais un quiz

Infos éducatives et conseils de réussite

Chargement des derniers articles…

Témoignages

Chargement des témoignages…

Infolettre WhatsApp

🔊 ANNONCE
Chargement de l'annonce…
Donnez votre avis

Votre avis sur Réussite Haïti

Vous pouvez donner votre avis sur Réussite Haïti dans le respect et la displicine afin de contribuer à la réussite des élèves.

MENFP • Examen type KRÈYÒL 9e AF

MENFP • KRÈYÒL 9e AF

Egzamen tip
⏱️ Egzamen ofisyèl — 2 h ⏱️ 02:00:00 ▶ Demare ⏸ Poz

Konsiy : Twa pati yo obligatwa. Reponn daprè tèks la. Ekri avèk swen, itilize paragraf ak ponktiyasyon.

📘 Èd-memwa (louvri si w bezwen)
  • Predika — Vèbal (aksyon), Nominal (non), Adjektival (kalite), Advèbyal (advèb).
  • Aspè — Akonpli (te + vèb), Inakonpli (ap/k ap), Iteratif (toujou/chak jou), Pwospektif (pral/va).
  • Figi stil — Metafò, Metonimi, Pèsonifikasyon, Konparezon, Anafò, Antitèz.
  • Diskou — Dirèk (“…”), Endirèk (li di ke…).
  • Chan leksikal — Mo ki nan menm domèn (mizè: lamizè, rèl, kadav, fatra…).

KREYÒL AYISYEN — 100 pwen

Egzamen an gen 3 pati : I) Kesyon sou tèks, II) Vokabilè/Òtograf/Gramè, III) Pwodiksyon ekri.


Tèks: « Pòtoprens »

Pòtoprens pa gen prens Se yon lavi dan pens, Se may, se blòf, se mato. Pòtoprens se zoklo, se poto, Se gagòt, se ribanbèl, Se fatra bò poubèl, Se kadav, se rèl kay makorèl. Pòtoprens vil demachè, Vil chalè, vil lavichè… Vil viv, vil aba, Vil espesyal, vil tèt anba. Pòtoprens se rèv k ap fonn, Se lamizè k ap ponn, Se lespwa k ap fè eklanmsi, Se swè k ap koule pou granmesi. Pòtoprens se machann, Se gagann, se rete tann, Se moun k ap mache, Se fanm k ap krache, Se timoun k ap tribiche. Pòtoprens se yon vil kòd nan ren, Vil san dlo, vil san pen. Pòtoprens se kè kase, se gwo bri, Se mouvman, se vi ki pa alabri, Se blakawout, se anbouteyay, Se wout kwochi, se briganday. Makelot Boyer, Kite kantik pran priyè (2021)

Pati I — Kesyon sou tèks la (25 pwen)

1.Ki kalite tèks sa a ye? (2 pwen)
a) Tèks naratif  b) deskriptif c) Tèks enfòmatif  d) Lèt
2.Bay yon lòt tit ki ta ka mache ak tèks la. (4 pwen)
3.Site twa (3) pwoblèm tèks la montre sou Pòtoprens. (6 pwen)
4.Nan 3–4 liy, eksplike sans fraz sa a : “Pòtoprens se rèv k ap fonn”. (6 pwen)
5.Jwenn yon egzanp kontradiksyon nan tèks la epi eksplike l. (7 pwen)

Pati II — Vokabilè • Òtograf • Gramè (45 pwen)

Sou-pati A — QCM (10 pwen – 2 pwen/kesyon)

6.“Se lespwa k ap fè eklanmsi.” Figi estil la se:
a) Konparezon  b) Metafò  c) Pèsonifikasyon  d) Pleyonas
7.“Vil san dlo, vil san pen.” Pwosedi estilistik la se:
a) Anafò  b) Metonimi  c) Konparezon d)metafò
8.“Se timoun k ap tribiche.” Aspè fraz la se:
a) Akonpli  b) Inakonpli  c) Iteratif  d) Pwospektif
9.“Pòtoprens chaje pwoblèm.” Tip predika a se:
a) Predika vèbal  b) Predika nominal  c) Predika advèbyal  d) Predika prepozisyonèl
10.“Blakawout, anbouteyay, briganday” fè pati chan leksikal:
a) Fèt  b) Lapè  c) Difikilte lavi nan vil d) Espò

Sou-pati B — Relye (5 pwen – 1 pwen/korespondans)

Konsiy : Relye chak eleman nan Kolòn A ak bon repons li nan Kolòn B a. Ekri lèt la nan blan an.

Kolòn A

  1. 11. Predika nominal
  2. 12. Predika vèbal
  3. 13. Anafò
  4. 14. Diskou endirèk
  5. 15. Aspè pwospektif

Kolòn B

  1. Li ap mache.
  2. Pòtoprens vil viv, viv aba.
  3. Repete menm mo nan kòmansman plizyè liy.
  4. Li di ke li fatige.
  5. Li pral travay pita.

Repons (ekri lèt yo):
11.____ 12.____ 13.____ 14.____ 15.____

Sou-pati C — Konplete (10 pwen – 1 pwen/blan)

16. Mo “pral” nan fraz “Li pral nan fèt la vini demen” montre aspè ________.
17. Lè yo repete “Se…, se…, se…” plizyè fwa nan tèks la, yo rele sa ________.
18. “k ap” se yon mak ki montre aspè ________.
19. “Pòtoprens se yon vil kòd nan ren” se yon fraz nan sans ________ (pwòp/figire).
20. Nan diskou dirèk, yo itilize ________ pou mete pawòl moun lan.

Sou-pati D — Repons kout (20 pwen)

21.Jwenn kat (4) mo nan tèks la ki antre nan chan leksikal “lamizè”. (4 pts)
a) ________ b) ________ c) ________ d) ________
22.Bay de (2) ekspresyon nan tèks la ki montre lavi Pòtoprens difisil. (4 pts)
1) ____________________________ 2) ____________________________
23.Ekri de (2) fraz ak mo “kè”: youn nan sans pwòp, youn nan sans figire. (6 pts)
a) Sans pwòp: ____________________________________________
b) Sans figire: ____________________________________________
24.Chanje diskou dirèk la an diskou endirèk: (6 pts)
Moun yo di: “Pòtoprens se yon vil tèt anba.”
______________________________________________________

Pati III — Pwodiksyon ekri (30 pwen)

Chwazi youn (1) nan de (2) sijè sa yo epi devlope li ant 15 rive 20 liy.

25. Sijè A : Pòtoprens gen anpil pwoblèm. Ekri yon tèks agimantatif pou montre kisa Leta, kominote a ak sitwayen yo ta dwe fè pou amelyore lavi nan vil la.
26. Sijè B : Dekri vil oswa lokalite kote w ap viv la. Montre de (2) aspè pozitif ak de (2) aspè negatif li genyen.
✅ Korije estriktire – Egzamen Kreyòl 9e AF

Korije

Pati I — Kesyon sou tèks (1–5)

1. b (deskriptif).

2. Egzanp tit posib: “Pòtoprens tèt anba”, “Lavi dan pens nan Pòtoprens”, “Rèv k ap fonn”, elatriye. (4 pwen: tit ki gen sans + lye ak tèks la)

3. Egzanp pwoblèm (aksepte 3): fatra, kadav/rèl, briganday, blakawout, anbouteyay, san dlo, san pen, lamizè, elatriye. (2 pwen chak)

4. Sans: rèv/espwa moun yo ap disparèt, lavi a vin pi rèd, pwojè yo pa rive reyalize. Repons lan dwe eksplike lide “rèv la ap fonn”. (6 pwen: lide + jistifikasyon)

5. Egzanp kontradiksyon (aksepte): “Vil viv, vil aba” (viv vs aba). (7 pwen: idantifye + esplike)

Sou-pati A — (6–10)

6-c (Pèsonifikasyon) ; 7-a (Anafò) ; 8-b (Inakonpli) ; 9-b (Predika vèbal) ; 10-c (Difikilte lavi nan vil).

Sou-pati B — Relye (11–15)

11→B ; 12→A ; 13→C ; 14→D ; 15→E

Sou-pati C — Konplete (16–20)

16. pral / pwospektif
17. anafò (aksepte: repitisyon anaforik)
18. inakonpli
19. figire
20. gimè

Sou-pati D — Repons kout (21–24)

21. Egzanp (4): lamizè, kè kase, rèl, kadav, fatra, san dlo, san pen, briganday… (4 pts: 1 pt pa mo)

22. Egzanp (2): “vil san dlo, vil san pen”, “se blakawout, se anbouteyay”, “se vi ki pa alabri”, “se wout krochi, se briganday”, elatriye. (4 pts: 2 pts chak)

23. (6 pts) De fraz kòrèk. Sans pwòp: Manman Andre malad nan kè. Sans figire: Bagay sa a bay kè m kase).

24. Egzanp: “Moun yo di ke Pòtoprens se yon vil tèt anba.” (6 pts: bon estrikti endirèk + ponktiyasyon)

Pati III — Pwodiksyon ekri (25 oswa 26)

Barèm sijere (30 pts):
• Respè sijè a (6) • Estrikti (entwodiksyon/devlopman/konklizyon) (6) • Lojik/konektè (6)
• Gramè/òtograf/vokabilè (8) • Prezantasyon/respè longè (4)