BIENVENUE SUR RÉUSSITE HAÏTI

La plateforme de préparation des examens officiels haïtiens

Destinée aux élèves de la 9e AF et du NS4, Réussite Haïti propose des fiches de révision, des quiz interactifs, des examens types MENFP et des méthodes de réussite visant à renforcer les apprentissages et à soutenir la réussite scolaire.

Je choisis une ressource

Fiches de révision

Notions essentielles, synthèses claires et utiles pour les examens officiels haïtiens.

J'accède aux fiches

Quiz interactifs

Questions alignées sur les examens officiels haïtiens pour tester tes connaissances et progresser avant le jour J.

Je fais un quiz

Infos éducatives et conseils de réussite

Chargement des derniers articles…

Témoignages (version bêta)

Chargement des témoignages…

Infolettre WhatsApp

🔊 ANNONCE
Chargement de l'annonce…
Donnez votre avis

Ton avis sur Réussite Haïti

Fich – Vokabilè ak kontèks (Kreyòl NS4) | Réussite Haïti

Vokabilè ak kontèks

Aprann konprann sans mo yo gras ak fason yo parèt nan fraz la – Kreyòl NS4.

Kreyòl – NS4 Fich Vokabilè

Objektif fich la

Apre ou fin travay sou fich sa a, w ap kapab :

  • konprann poukisa kontèks la enpòtan pou sans yon mo ;
  • itilize teknik pou dedui sans mo ou pa konnen ;
  • chwazi bon sinonim pou mo yo ;
  • reponn kesyon tip egzamen sou sans mo nan yon tèks.
Nan egzamen, yo souvan pa mande “definisyon nan diksyonè”, men pito “kisa mo sa a vle di nan tèks la”.

Kisa “vokabilè an kontèks” ye?

Se lè w konprann sans yon mo gras ak fason yo itilize li nan fraz la, menm si ou pa t konn li davans.

Egzanp an kontèks

“Li gen anpil chay sou zepòl li.”
→ “chay” = responsablite, pwoblèm, pa nesesèman sak fizik.

Poukisa li enpòtan?

  • Nan egzamen, yo souvan mande : “Kisa mo sa a vle di nan tèks la?”
  • Menm mo a ka gen plizyè sans; se kontèks la ki pou ede w chwazi bon sans la.
Kontèks la se “anviwònman” mo a. Li ede w evite move entèpretasyon.

Teknik pou jwenn sans yon mo

  • Li fraz la antye (pa rete sou mo a pou kont li).
  • Gade mo ki bò kote li (anvan / apre).
  • Gade ton tèks la (tristès, lajwa, lwanj, kritik…).
  • Chèche sinonim oswa ekspresyon ki eksplike li nan tèks la.

Pa prese ale nan diksyonè : eseye devine sans la anvan, apre sa ou ka verifye si bezwen.

Sinonim an kontèks

Mo nan fraz la Sens an kontèks Sinonim posib
lite fè gwo efò pou chanje yon sitiyasyon batay, fè efò
ankouraje bay kouraj, soutni motive, bay fòs
neglije pa bay ase enpòtans abandone, inyore

Menm si de mo se sinonim, pafwa yo pa ka ranplase youn lòt nan tout fraz : se toujou kontèks la ki deside.

Ti egzèsis (ak repons)

Fraz :
“Malgre difikilte yo, li kontinye pèsevere nan etid li.”

Kesyon : Kisa “pèsevere” vle di nan fraz sa a?

Repons

“Pèsevere” vle di : kontinye fè efò san dekouraje.

Pou pratike, ekri 2 lòt fraz ak mo ou pa konn twò byen, epi sèvi ak kontèks la pou eseye devine sans yo.